


Kisa nou fè…
Nou pral asiste kandida a pou li kapab reyisi konplete egzijans medikal pou aplikasyon pou Depatman Homeland Security ak Sèvis ameriken Sitwayènte ak imigrasyon. Chirijyen sivil USCIS nonmen gen eksperyans ak egzijans medikal egzamen sa yo. Moun ki aplike pou sitwayènte, k ap chèche Rezidans pèmanan, oswa yon Grinkad (Green Card) dwe pase yon egzamen fizik anvan yo apwouve aplikasyon yo. Li obligatwa pou yon Chirijyen sivil yo nonmen fè egzamen fizik imigrasyon pou egzamen an kapab valab. Nou fè tout tès ki nesesè souplas e nou gen tout vaksen obligatwa yon an biwo nou.
MBCHC te apwouve Chirijyen sivil kapab fè egzamen fizik e si yon etablisman ki otorize. Nou gen kat (4) adrès ki pratik nan North Miami, Little Haiti, Mid-Beach ak South Beach. Tanpri pa ezite rele biwo nou nan 305-538-8835 si ou gen kesyon ou ta renmen poze.
Sèvis ak chaj…
MBCHC kapab fè egzamen fizik ki nesesè pou imigrasyon (Egzamen I-693) konfòmeman ak Depatman Homeland Security ak Sèvis Sitwayènte ak imigrasyon pou imigran oswa anplwayè ki anboche anplwaye ki soti nan yon lòt peyi. Chak evalyasyon gen ladan yon egzamen ki fèt selon direktiv medikal Depatman Homeland Security ak Sèvis Sitwayènte ak imigrasyon, ak Sant pou kontwòl maladi (Centers for Disease Control) etabli. Chirijyen sivil ap anrejistre rezilta egzamen yo sou Fòm I-693 pou kandida ki aplike a kapab tounen nan USCIS (INS).
Nou fè egzamen pifò jou nan lasemenn e nou souvan kapab egzamine pasyan yo menm jou a ke yo rele pou pran randevou. Nou aksepte prèv vaksinasyon ki fèt lòt kote. Nou kapab fè egzamen fizik, tès san, tès po pou tibèkiloz, vaksinasyon ki obligatwa ak reyon iks (X) pou pwatrin, sis a nesesè. Se sa sèlman ki nesesè pou kapab konplete pòsyon medikal aplikasyon ou.
OPSYON #1 – Egzamen fizik imigrasyon OKONPLÈ koute $465.00 e li gen ladan :
OPSYON #2 – Si ou bezwen yon egzamen fizik, pri a se $120.00. Sèvis adisyonèl ki kapab nesesè pa kalkile nan pri sa a, mè biwo nou kapab organize sa pou w pou yon chaj adisyonèl. Si sa nesesè, nou kapab fè vaksinasyon, tès nan laboratwa ak seyans reyon iks pou pwatrin siplemantè pou tès tibèkilòz, pou yon chaj adisyonèl, si nou bezwoinli. Pri vaksen yo varye e anjeneral, chak adiltdwe pran twa (3) vaksen. Si tès TB (tibèkilòz) a pozitif, w ap dwe fè yon seyans reyon iks pou pwatrin. Seyans reyon iks sa a koute apepre $80.00.
Sa ou dwe pote avèk ou…
Yo rekòmande pou pasyon yo pote avèk yo bagay ki annapre yo pou randevou a :
Egzamen an…
Tout egzamen imigrasyon INS okonplè senp e li mande kèk demach fasil nou dekri annapre e ou kapab fè l pandan yon grenn vizit nan biwo nou :
Apre Egzamen an fin fèt…
Depi egzamen fizik pou imigrasyon an fini, MBCHC pra sètifye Fòm I-693 grasa rezilta tès egzamen imigrasyon ak istorik vaksinasyon an nan yon anvlòpki sele wap dwe prezante nan Depatman Homeland Security ak Sèvis Sitwayènte ak imigrasyon. PA LOUVRI ANVLÒP SELE A. Remèt anvlòp la ansanm ak aplikasyon pou imigrasyon ou. N ap remèt ou yon kopi rezilta san apre ou diskite rezilta yo ak doktè a. Egzamen an ap valab sèlman pandan yon lane apre dat ou te fè egzamen an.
Pou kapab konsilte sit wèb ofisyèl Sèvis Sitwayènte ak imigrasyon Etazini a, ale nan : http://www.uscis.gov/portal/site/uscis pou kapab jwenn plis enfòmasyon.